Lapriyè Lejyon-an Kòmansman
lapriyè a
= O Non Papa a, ak Pitit la, ak Lespri Sen An !
- Amèn !
= Vini Lespri Sen, antre pi fon nan kè patizan ou yo, fè yo cho ak dife renmen pa w la, Granmèt voye Lespri w
- Ki fè fas tè a vin tou nèf .
An nou lapriyè: Granmèt, pa pouvwa mèvèy kache Lespri Sen an ki desann sou apot yo, ou fè Legliz ou a vin sen nan tout pèp ak nan tout nasyon yo. Tanpri, vide kado Lespri Sen an sou tou sa w te kreye, e kontinye fè nan kè sila yo ki kwè nan ou bèl travay renmen-an ou te kòmanse reyalize, lè apot yo t’ap preche Levanjil la. Pa pouvwa Jezi-Kri, Granmèt nou an.
- Amèn !
= Granmèt, louvri bouch mwen !
- E bouch mwen va fè lwanj pou ou !
= Bondye, tanpri vin ede m’ !
- Granmèt, prese vin’ pote m’ sekou !
= Viv Papa a, ak Pitit la, ak Lespri Sen an !
- Kòm o kòmansman, ni jodi a, ni toulejou epi tout tan gen tan. Amèn !
(5 dizèn chaplè)
Nou salye w, ou menm ki rèn, ou’k manman kè sansib, ou ki lavi nou, kontantman kè nou, espwa nou, nou salye w. Nou menm pitit Adan ak Ev, nou ki egzile sou tè mizè sa a, n’ap plenyen, n’ap rele ba ou, n’ap kriye nan pye w ak dlo nan je nou. Tanpri souple ou menm k’ap defann kòz nou, montre ou gen bon kè, voye je w sou nou. E lè na kite tè sa a, montre nou Jezi bèl pitit ou fè a, ou menm ki vyèj e ki pran ka moun, ou menm ki dous e ki gen kè sansib, O Mari !
= Ou menm ki sen e ki Manman Bondye, lapriyè pou nou !
- Pou nou merite jwenn favè Jezi-Kri promèt nou yo ! An nou lapriyè: Bondye, se lavi, lanmò ak leve byen vivan Jezi-Kri sèl Pitit ou a, ki te merite pou nou delivrans ki pap janm fini an. Etan n’ap kalkile ak rozè Lavyèj Mari a sou tout gran evenman sa yo, tanpri fè nou viv dapre egzanp yo ba nou, efè nou rive jwenn sa yo pwomèt pa pouvwa Jezi-Kri, Granmèt nou an. Amèn !
= Jezi ou menm ki gen you kè apa
- Pitye pou nou !
= Mari ou menm ki pa janm gen peche nan ke w - Lapriyè pou nou !
= Jozèf ki sen – Lapriyè pou nou !
= Jan ki sen – Lapriyè pou nou!
= Monfò ki sen – Lapriyè pou nou.
O non Papa a, ak Pitit la, ak Lespri Sen an. Amèn !
Lwanj tout Lejyonè yo pou Manman Mari
(CATENA)
Kilès fi sila a ki parèt tankou limyè solèy ki pral leve, ki bèl tankou lalin, ki klere kon solèy,ki tèrib tankou you lame pare pou batay ?
= M’ap fè lwanj Granmèt la!
- Lespri m’ kontan nan Bondye ki sove m’
= Li voye je l’ sou sèvant li ki tou piti, depi kounye a tout pèp k’ap pase sou tè a va di ala mwen gen chans.
- Sila a ki gen pouvwa a fè gran mèvèy pou mwen, non li se non ki apa.
= Depi tout tan e pou tout tan, li toujou gen kè sansib pou sila yo ki respekte l’.
- Ak fòs ponyèt li, li gaye moun ki kwè yo piplis pase lòt.
= Sa k’ chita sou fotèy pouvwa yo, li jete yo atè, sa k’ piti yo li leve yo anlè.
- Sa k’ grangou yo li ba yo pakèt avantaj, sa k’ rich yo li voye yo ale de men vid.
= Li soutni Izrayèl sèvitè l’. Li sonje tou sa li te fè pou montre li konn renmen.
- Tou sa l’ te pwomèt zansèt nou yo Abraram ansanm ak ras li pou tout tan.
= Viv Papa a, ak Pitit la, ak Lespri Sen an !
- Kòm o kòmansman, ni jodi a, ni toulejou epi tout tan gen tan. Amèn !
Kilès fi sila a ki parèt tankou limyè solèy ki pral leve, ki bèl tankou lalin, ki klere kon solèy, ki tèrib tankou you lame pare pou batay ?
= Mari, ou menm ki pat janm pote mak peche Adan ak Ev la
- N’ap mande w sekou, lapriyè pou nou. An nou lapriyè : Jezi-Kri, Papa a te mete w pou li menm ak nou menm nou rive fè you sèl. Ou te vle mete manman w ki manman pa nou tou, pou ou menm ak nou menm nou rive fè you sèl, tanpri, nenpòt moun ki vin mande w favè, fè yo kontan resevwa tout nan men Lavyèj Mari. Amèn !
DENYE LAPRIYE
= O non Papa a, ak Pitit la, ak Lespri Sen an, Amen.
Manman Bondye, ou menm ki sen e ki konble ak lwanj ak benediksyon, se sekou w n’ap chèche pou l’ sèvi n’ defans,pa meprize lapriyè n’ap fè w nan tout nesesite lavi nou, men delivre nou anba tout danje. Amèn !
= (Non prezidyòm nan oubyen Kirya). Oubyen : Mari ki san peche, ou menm kote Bondye fè tout favè l’ yo pase)
- Lapriyè pou nou
= Michèl ak Gabryèl, gran mesaje Bondye yo ki sen.
- Lapriyè pou nou.
= Tout sa k’ gen pouvwa nan syèl la, tout lejyon mesaje Mari yo.
- Lapriyè pou nou.
= Jan Batis ki sen - Lapriyè pou nou.
= Pyè ak Pòl ki sen - Lapriyè pou nou.
An nou lapriyè: Granmèt, nou menm k’ap sèvi w anba drapo Mari, fè nou kwè tout bon vre nan ou. Fè nou gen konfyans nèt nan Mari, konsa nou sèten na gen laviktwa sou tè a. Banou you lafwa ki parèt nan lavi nou, e ki jwenn fòs li nan renmen ki sòti nan kè nou pou frè nou yo ; you lafwa ki fè nou rive reyalize tou sa n’ap fè, paske se ou menm nou renmen vre, you lafwa ki fè se ou menm nou toujou wè, nou toujou sèvi nan pwochen nou. Banou you lafwa ki fèm, ki solid tankou you blok wòch, ki fè nou pap trouble, nou pap chanje nan mitan kwa, tray ak desepsyon lavi a; you lafwa ki banou kouraj e ki mete nan lespri nou, lide kòmanse epi kontinye nèt ale, san nou pa pè anyen, travay ki gen anpil valè pou Bondye ak pou delivrans nanm yo ;you lafwa ki pou sèvi Lejyon nou an tankou kolonn dife Moyiz la, pou kondwi nou etan n’ap mete tèt ansanm, pou’n mache san rete, pou limen toupatou dife renmen Bondye a, pou klere tout sila yo ki chita nan fènwa ak lonbraj lanmò a, pou chofe sila yo ki tyèd, pou fè sila yo ki antere nan lanmò peche a tounen jwenn lavi ; you lafwa ki fè n’ mache dwat nan chemen kèpoze a, konsa apre batay lavi sa a, san nou pa pèdi you sèl patizan, Lejyon nou-an va rive rasanble kote renmen ak bèlte pa w dirije tout bagay. Amèn.
Se pou nanm tout lejyonè, ak tout fidèl ki mouri yo jwenn kè poze pa pouvwa kè sansib Bondye a. Amèn !
= O non Papa a, ak Pitit la, ak Lespri Sen an, Amèn !
=Imprimati 6 desanm 1974
François W. LIGONDE
Achevèk Pòtoprens